Numbers 8:11-13

Haitian(i) 11 Lèfini, Arawon va pran moun Levi yo, l'a vire yo adwat, l'a vire yo agoch devan mwen menm, Seyè a, tankou yon ofrann espesyal moun pèp Izrayèl yo ap fè m' pou moun Levi yo ka fè sèvis mwen. 12 Apre sa, moun Levi yo va poze men yo sou tèt ti towo bèf yo, w'a ofri yonn pou mande padon pou peche yo, w'a ofri lòt la pou yo boule nèt pou mwen. Se konsa y'a fè sèvis pou mande m' gras pou moun Levi yo. 13 Mete moun Levi yo apa tankou yon kado espesyal moun yo fè m'. Mete yo sou zòd Arawon ak pitit gason l' yo.