Obadiah 1:10-16

Haitian(i) 10 Paske nou te masakre pitit pitit Jakòb yo, kouzen nou yo, paske nou te fè yo anpil mechanste, yo pral fè nou wont, yo pral disparèt nou nèt. 11 Nou te rete kanpe la ap gade, lè moun lòt nasyon yo t'ap piye tout richès yo. Nou pa t' pi bon pase etranje yo ki te defonse pòtay yo lè sa a, ki te separe bay chak moun tout richès lavil Jerizalèm yo. Nou menm tou, nou te fè menm bagay la. 12 Nou pa t' dwe kontan wè kouzen nou yo nan malè. Nou pa t' dwe kontan wè y'ap fini ak moun fanmi Jida yo. Nou pa t' dwe pase yo nan rizib, lè yo te nan tray. 13 Nou pa t' dwe janbe pòtay lavil pèp mwen an pou nou te antre ladan l', jou malè te tonbe sou yo a. Nou pa t' dwe kontan wè jan y'ap soufri, jou malè te tonbe sou yo a. Nou pa t' dwe mete men nou sou byen yo, jou malè te tonbe sou yo a. 14 Nou pa t' dwe kanpe nan kalfou yo pou nou touye sa ki t'ap chache chape kò yo. Nou pa t' dwe lage sa ki pa t' mouri yo nan men lènmi yo, jou malè te tonbe sou yo a. 15 Jou a pa lwen rive, kote mwen menm, Seyè a, mwen pral jije tout nasyon yo. Nou menm moun peyi Edon, sa nou te fè a, se sa yo pral fè nou tou. Yo pral fè nou sibi tou sa nou te fè lòt yo sibi. 16 Pèp mwen an pase pa l' anba men mwen sou mòn ki apa pou mwen an. Konsa tou, tout nasyon yo pral pran pa yo san rete. Yo pral pran jouk yo p'ap kapab ankò. Yo pral disparèt tankou si yo pa t' janm la.