Proverbs 16:21-23

Haitian(i) 21 Lè yon moun gen bon konprann, yo di li gen lespri. Lè ou pale byen sa fè ou gen plis konesans. 22 Moun ki gen bon konprann gen lavi. Men, moun sòt ap toujou sòt. 23 Yon moun ki gen bon konprann kalkile anvan li pale. Konsa pawòl li vin gen plis pèz.