Proverbs 23:29-33

Haitian(i) 29 Ki moun ki nan tèt chaje, ki nan lapenn? Ki moun ki toujou nan kont, ki tou tan ap plenyen? Ki moun k'ap pran kou san rezon, ki gen je yo tou wouj? 30 Se moun k'ap bwè twòp gwòg, moun k'ap kouri dèyè tranpe. 31 Pa kite bweson pran nanm ou, ou te mèt wè jan li bèl, jan li klè nan vè a. Lè ou bwè l', li desann dous nan gòj ou. 32 Men, pita ou santi se tankou yon move sèpan ki mòde ou, yon sèpan aspik ki pike ou. 33 W'ap wè tout bagay ap vire devan je ou, w'ap depale.