Proverbs 5:3-8

Haitian(i) 3 Bouch madanm lòt moun ka dous kou siwo myèl, pawòl ka koule nan bouch yo tankou dlo. 4 Men, lè tout bagay fini, bouch li anmè kou fyèl, lang li file tankou kouto de bò. 5 L'ap mennen ou kote mò yo ye a. Tou sa l'ap fè se pou touye ou. 6 Li p'ap chache chemen lavi. L'ap pwonmennen toupatou, li pa konnen kote li prale. 7 Koulye a, pitit mwen yo, koute m' byen. Pa janm bliye sa m' pral di nou la a. 8 Rete lwen yon fanm konsa. Pa janm pwoche bò pòt lakay li,