Proverbs 8:1-4

Haitian(i) 1 Tande byen. Sajès ap rele byen fò. Entèlijans ap pale fò pou tout moun tande. 2 Li kanpe sou tèt ti mòn yo, sou bò wout la, nan mitan kalfou yo. 3 L'ap pale byen fò bò pòtay lavil la, sou tout papòt yo, l'ap di: 4 Nou menm lèzòm, se ak nou m'ap pale. M'ap rele pou tout moun ki sou latè tande.