Proverbs 8:5-9

Haitian(i) 5 Nou menm ki pa gen konprann, vin aprann sa ki rele gen bon konprann Nou menm k'ap aji tankou moun fou, vin aprann sa ki rele gen lespri. 6 Louvri zòrèy nou. Mwen pral di pawòl ki konsekan. Tou sa mwen pral di yo se bagay ki dwat. 7 Sa m' pral di la a se verite. Mwen pa kapab bay manti. 8 Tou sa ki soti nan bouch mwen, se pawòl ki dwat. Nan sa m' di yo pa gen anyen ki pa vre, pa gen anyen ki kwochi. 9 Yo klè pou moun ki gen bon konprann. Yo kòrèk pou moun ki gen konesans.