Psalms 106:40-43

Haitian(i) 40 Seyè a te fache anpil sou pèp li a. Li te degoute ak pitit li yo. 41 Li lage yo nan men moun lòt nasyon yo. Moun ki te rayi yo mete pye sou kou yo. 42 Lènmi yo t'ap peze yo, yo te soumèt yo nèt anba men yo. 43 Seyè a te delivre pèp li a anpil fwa. Men, yo te pito revòlte kont li, yo te tonbe pi mal nan fè peche.