Psalms 118:13-29

Haitian(i) 13 Yo te ban m' yon bourad pou fè m' tonbe. Men, Seyè a te pote m' sekou. 14 Se Seyè a ki tout fòs mwen, se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m'. 15 Tande jan moun k'ap mache dwat devan Bondye yo ap rele anndan lakay yo, sitèlman yo kontan! Yo genyen batay la, yo delivre. Seyè a fè bèl bagay avèk pouvwa li. 16 Pouvwa Seyè a se yon pakèt afè. Seyè a fè bèl bagay ak pouvwa li. 17 Non, mwen p'ap mouri. M'a viv! M'a rakonte sa Seyè a fè pou mwen. 18 Li te pini m' byen pini. Men, li pa t' touye m'. 19 Louvri pòt kay Bondye ki fè m' jistis la pou m' antre, pou m' di Seyè a mèsi. 20 Men pòt kay Seyè a! Se moun ki mache dwat devan l' sèlman ki ka pase ladan l'. 21 Seyè, m'ap di ou mèsi paske ou te koute m', paske se ou menm ki delivre m'. 22 Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. 23 Sa se travay Seyè a menm! Se bèl bagay pou nou wè sa! 24 Ala yon bèl jounen Seyè a ban nou! Ann pase jounen an ap fè fèt, ann fè kè nou kontan! 25 Aa! Seyè! Tanpri, delivre nou! Tanpri, fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè! 26 Benediksyon pou moun ki vini nan non Seyè a! Nou menm ki nan kay Seyè a, n'ap beni nou. 27 Seyè a se Bondye li ye. Li wete nou nan fènwa kote nou te ye a. Avèk branch bwa nan men nou, ranje nou pou nou fè tout tou lotèl la. 28 Se ou ki Bondye mwen, m'ap di ou mèsi. Bondye mwen, m'ap di jan ou gen pouvwa! 29 Fè lwanj Seyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou!