Psalms 12

Haitian(i) 1 Pou chèf sanba yo. Sou wityèm lan. Se yon sòm David. 2 vin sove nou non, Seyè! Pa gen moun ki renmen ou ankò! Pa gen moun sou latè k'ap sèvi ou ak tout kè yo ankò! 3 Yonn ap bay lòt manti. Yonn ap flate lòt, yonn ap twonpe lòt. 4 Seyè, fèmen bouch bann flatè sa yo, bann moun sa yo k'ap vante tèt yo. 5 Y'ap plede di: -Nou pale jan nou vle. Bouch nou rele n' pa nou. Ki moun ki pou pase nou lòd? 6 Y'ap peze malere yo. Pòv yo ap soufri, y'ap plenyen. Men, Seyè a di: M'ap vini koulye a. M'ap ba yo sekou y'ap tann lan. 7 Pawòl Seyè a se bon pawòl. Li tankou lajan yo pase sèt fwa nan dife pou wè si li bon. 8 Ou menm, Seyè, w'a toujou defann nou! Pa kite moun sa yo fè nou anyen! Mechan yo ap pwonmennen sou moun toupatou: se tout moun k'ap fè lwanj move bagay y'ap fè yo.