Psalms 121:5-8

Haitian(i) 5 Se Seyè a k'ap veye sou ou, l'ap kanpe bò dwat ou tankou lonbraj ou. Se li ki tout pwoteksyon ou. 6 Lajounen, solèy la p'ap fè ou anyen, lannwit, lalin lan p'ap fè ou anyen. 7 Seyè a ap pwoteje ou pou anyen pa rive ou, li p'ap kite anyen rive ou. 8 L'ap pwoteje ou kit w'ap antre, kit w'ap soti, depi koulye a ak pou tout tan.