Psalms 139:7-12

Haitian(i) 7 Ki bò mwen ta ale pou m' pa jwenn ak ou? Ki bò mwen ta ale pou ou pa wè m' devan je ou? 8 Si m' moute nan syèl la, se la ou ye. Si m' desann kote mò yo ye a, ou la tou. 9 Si m' vole ale bò kote solèy leve, osinon si m' al rete bò lòt bò lanmè, 10 l'a ankò, w'ap toujou la pou mennen m', w'ap la pou pwoteje m'. 11 Si mwen di: -Bon! M' pral kache nan fènwa a. M' pral rete kote tout limyè mouri. 12 Fènwa pa fè nwa pou ou. Lannwit klere kou lajounen pou ou. Kit li fènwa, kit li lajounen, se menm bagay pou ou.