Psalms 18:23-26

Haitian(i) 23 Mwen fè tou sa ki nan lalwa li, mwen pa janm dezobeyi kòmandman li yo. 24 Li konnen mwen pa antò. Mwen kenbe kò m' pou m' pa fè sa ki mal. 25 Se konsa li ban m' rekonpans mwen, paske mwen mache dwat devan li, paske li wè mwen inonsan. 26 Ou menm, Seyè, ou kenbe pawòl ou ak moun ki kenbe pawòl yo. Ou bon ak moun ki bon.