Psalms 34:19-22

Haitian(i) 19 Seyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa. 20 Lè yon moun ap mache dwat, li gen pou l' soufri anpil. Men, Seyè a ap delivre l' anba tout soufrans li yo. 21 L'ap pwoteje l' nèt ale. Pa yon ti zo nan kò l' p'ap kraze. 22 Malè gen pou fini ak mechan yo. Moun ki pa vle wè moun k'ap mache dwat yo gen pou yo tonbe anba chatiman. Seyè a ap delivre moun k'ap sèvi l' yo, li p'ap kondannen okenn moun ki chache pwoteksyon bò kote l'.