Psalms 42:1-3

Haitian(i) 1 Pou chèf sanba yo. Se yonn nan chante pitit Kore yo. 2 Menm jan yon bèt anvi bwè dlo larivyè, se konsa mwen anvi wè ou, Bondye. 3 Se pa ti anvi mwen pa anvi wè Bondye, Bondye ki vivan an. Kilè m' ava ale pou m' adore Bondye lakay li?