Psalms 44:23-26

Haitian(i) 23 Men, se poutèt ou tout tan yo soti pou touye nou. Yo gade nou tankou mouton y'ap pare pou labatwa. 24 Louvri je ou, Seyè. Poukisa w'ap dòmi konsa? Leve non. Pa voye nou jete nèt! 25 Poukisa ou vire do ban nou konsa? Poukisa ou bliye anba ki tray nou ye, jan y'ap peze nou? 26 Nou tonbe san fòs nan pousyè a. Nou kouche sou vant atè plat. Leve non. vin pote nou sekou! Jan ou renmen nou sa, vin delivre nou non!