Psalms 63:3-8

Haitian(i) 3 Fè m' antre kote ki apa pou ou nan kay ou a pou m' wè ou, pou m' wè jan ou gen pouvwa, jan ou merite pou yo fè lwanj ou. 4 renmen ou gen pou nou an pi bon pase lavi. Se poutèt sa m'ap fè lwanj ou. 5 Konsa m'a pase tout lavi m' ap di ou mèsi; se ou menm sèlman m'a lapriyè. 6 M'ap fè fèt, m'ap kontan tankou yon moun ki manje plen vant li yon manje ki gen bon gou, ki gen kont grès li ladan l'. Wi, se konsa kè m' ap kontan. M'ap louvri bouch mwen pou m' fè lwanj ou. 7 Lè m' kouche sou kabann mwen, lide m' ap travay sou ou. Tout lannwit se ou m'ap kalkile. 8 Paske se ou ki tout sekou m', m'ap rete kache anba zèl ou, m'ap chante sitèlman mwen kontan.