Psalms 66:13-20

Haitian(i) 13 M'a vin lakay ou ak bèt pou yo boule pou ou, m'a ofri ou sa mwen te pwomèt ou a. 14 M'a kenbe pawòl mwen te di lè m' te nan tray la. 15 M'a ofri mouton byen gra pou yo boule pou ou sou lotèl la, ansanm ak odè vyann y'ap boukannen pou ou. Wi, m'a ofri ou towo bèf ak bouk kabrit. 16 vin koute non, nou tout ki gen krentif pou Bondye. M'a di nou sa Bondye fè pou mwen. 17 Mwen rele nan pye l', mwen te deja pare pou m' te fè lwanj li. 18 Si mwen te gen move lide nan tèt mwen, Seyè a pa ta koute sa m' t'ap di l' la. 19 Men Bondye te koute sa m' t'ap di l' la, li te tande m' lè m' t'ap lapriyè. 20 Lwanj pou Bondye! Mèsi Bondye! Ou pa t' kite m' lapriyè pou gremesi. Ou pa t' refize fè m' wè jan ou gen bon kè.