Haitian(i)
2 Mwen rele byen fò nan pye Bondye. Wi, mwen rele nan pye Bondye, li koute mwen.
3 Lè mwen nan tray, mwen lapriyè nan pye Seyè a. Tout lannwit m'ap lapriyè san rete, mwen pa ka jwenn konsolasyon.
4 Mwen chonje Bondye, m'ap plenn! M'ap kalkile, mwen santi m' dekouraje!
5 Ou fè m' rete je klè, mwen sitèlman boulvèse, mwen pa ka pale.
6 M'ap chonje tan lontan, wi, m'ap chonje lanne pase anwo yo.
7 Mwen pase nwit ap repase chante yo, m'ap kalkile anpil nan kè m', m'ap egzaminen, m'ap di:
8 Eske Seyè a voye m' jete nèt? Eske li p'ap janm kontan avè m' ankò?
9 Eske Bondye pa gen bon kè ankò? Eske li p'ap kenbe pawòl li ankò?
10 Eske Bondye bliye gen pitye? Eske lè li ankòlè li pa pran priyè?
11 Apre sa mwen di: Men sak fè m' pi mal ankò! Gen lè Bondye ki anwo nan syèl la pa menm jan an ankò?