Psalms 78:68-72

Haitian(i) 68 Li chwazi branch fanmi Jida a pito, ansanm ak mòn Siyon li renmen anpil lan. 69 Se la li bati tanp li a ki pòtre ak kay li nan syèl la. Li fè l' solid tankou latè, pou tout tan. 70 Li te chwazi David, yon moun ki t'ap sèvi l'. Li wete l' dèyè mouton li t'ap okipe yo, 71 dèyè manman mouton ki gen pitit dèyè yo, li fè l' wa sou pitit Jakòb yo. Li mete l' gadò pèp Izrayèl la. 72 David pran swen yo ak tout kè li. Li kondi yo avèk anpil ladrès.