Psalms 88:5-8

Haitian(i) 5 Mwen tankou moun ki sou dènye souf li, tankou moun ki pa gen fòs ankò. 6 Mwen tonbe atè tankou yon moun mouri, tankou yon moun yo touye ki kouche nan simityè. Wi, tankou yon moun ou bliye nèt, tankou yon moun ou pa ka fè anyen ankò pou li. 7 Ou voye m' jete nan yon gwo twou byen fon, kote ki fè nwa anpil, nan yon twou san fon. 8 Mwen santi ou ankòlè anpil sou mwen. Se kraze w'ap kraze m' anba men ou.