Revelation 2:18-3:22

Haitian(i) 18 Ekri zanj legliz ki nan lavil Tiyati a. Di l' konsa: Men sa pitit Bondye a voye di ou, li menm ki gen je l' yo tankou de flanm dife, ak pie l' yo klere tankou kwiv poli. 19 Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen jan ou gen renmen nan kè ou, jan ou gen konfians, jan ou fè sèvis ou byen, ak jan ou gen anpil pasians. Mwen konnen tou w'ap travay koulye a pi plis pase anvan. 20 Men, men repwòch mwen gen pou m' fè ou: w'ap tolere fanm yo rele Jezabèl la k'ap pran pòz pwofèt Bondye li. L'ap detounen sèvitè m' yo, l'ap moutre yo pou yo lage kò yo nan imoralite, pou yo manje viann bèt yo te ofri pou touye bay zidòl. 21 Mwen ba l' kont tan pou l' vire kite peche l' yo. Men, li pa vle kite imoralite li a. 22 Se poutèt sa, mwen pral lage l' jete sou yon kabann kote li pral soufri anpil. Tout moun k'ap fè adiltè avè l' yo pral soufri anpil tou, si yo pa chanje, si yo pa kite move zak y'ap plede fè ansanm avè l' yo. 23 Apre sa, m'ap fè tout pitit li yo mouri. Konsa, tout legliz yo va konnen mwen se moun ki konnen tout lide lèzòm ap fè nan tèt yo ak tout santiman yo gen nan kè yo. M'ap bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. 24 Pou nou menm, lòt manm legliz nan lavil Tiyati yo ki pa swiv move konsèy sa yo, ki pa t' aprann sa bann moun sa yo ap rele gwo sekrè Satan an, men sa m'ap di nou: Mwen p'ap ban nou lòt chay pase sa. 25 Men, kenbe sa nou genyen an byen fèm jouk jou m'a tounen. 26 Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, epi ki va toujou ap fè sa m' vle yo fè a jouk sa kaba, m'a ba yo pouvwa sou tout nasyon, 27 menm jan Papa m' te ban m' pouvwa sa a tou. Y'a gouvènen nasyon yo ak yon baton fè, y'a kraze yo an miyèt moso tankou yon kannari yo kraze. 28 M'a ba yo bèl zetwal ki klere chak maten an tou. 29 Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo. 3 1 Ekri zanj legliz ki nan lavil Sad la. Di l' konsa: Men sa moun ki gen sèt Lespri Bondye yo ak sèt zetwal yo voye di ou: Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen tout moun konprann ou vivan. Men, ou mouri. 2 Souke kò ou, bay ti rès lavi ou rete a fòs anvan ou fin mouri nèt. Paske, mwen wè sa w'ap fè a pa fin kòrèk devan Bondye mwen an. 3 Chonje sa yo te moutre ou la. Chonje jan ou te resevwa li. Obeyi l', tounen vin jwenn Bondye. Si ou pa sispann dòmi, m'ap vini sou ou tankou yon vòlè, san ou pa atann. 4 Men, gen kèk moun nan nou nan lavil Sad la ki te kenbe rad yo pwòp. Y'a mache ansanm avè m' ak rad blan yo, paske yo merite sa. 5 Tout moun ki goumen jouk yo genyen batay la pral mete rad blan an sou yo. Mwen p'ap wete non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. M'ap rekonèt yo pou moun pa m' devan Papa mwen ak devan zanj li yo. 6 Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo. 7 Ekri zanj legliz ki nan lavil Filadèlfi a. Di l' konsa: Moun ki sen an, moun k'ap di verite a, moun ki gen kle wa David la nan men l' lan, moun ki lè li louvri pesonn pa ka fèmen, lè l' fèmen pesonn pa ka louvri a, men sa l' voye di ou: 8 Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen ou pa gen anpil kouraj. Malgre sa, w'ap kenbe pawòl mwen. Ou pa lage mwen. Mwen louvri yon pòt devan ou, pesonn p'ap ka fèmen li. 9 Men, pou moun ki fè pati gwoup Satan an, bann mantò sa yo k'ap pran pòz jwif yo men ki pa jwif, m'ap fòse yo vin mete ajenou devan ou pou yo ka respekte ou. Se pou yo rekonèt se ou menm mwen renmen. 10 Menm jan ou te kenbe lòd mwen te ba ou lè m' te mande ou pou te pran pasians lan, konsa tou, m'a kenbe ou, m'a pwoteje ou nan malè ki pral vin sou tout latè a. Se va yon gwo eprèv pou tout moun ki sou latè. 11 Anvan lontan mapral vini. Kenbe sa ou genyen an fèm pou pesonn pa wete rekonpans ou nan men ou. 12 Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'ap fè yo tounen yon gwo poto nan kay Bondye a. Apre sa, yo p'ap janm soti. M'a make non Bondye ansanm ak non lavil Bondye a, lòt Jerizalèm k'ap desann sot nan sièl la, sou yo. M'ap make lòt non mwen an sou yo tou. 13 Se pou tout moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo. 14 Ekri zanj legliz ki nan lavil Lawodise a. Di l' konsa: Moun ki verite a, moun k'ap di verite a jan l' ye a san bay manti, li menm ki sous tou sa Bondye kreye a, men sa li voye di ou: 15 Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen ou pa ni cho ni frèt. Pito ou te cho osinon ou te frèt. 16 Men, ou kièd, ou pa cho, ou pa frèt. Mwen pral vonmi ou soti nan bouch mwen. 17 W'ap plede di: Mwen rich, zafè m' ap mache byen. Mwen pa manke anyen. Pòdiab! Konnen ou pa konnen jan ou malere, jan ou nan gwo nesesite, jan ou pòv, toutoni ak tou de je ou yo pete! 18 Se poutèt sa, mwen ta ba ou konsèy achte nan men m' bon lò san melanj ki pase nan dife. Konsa ou va rich tout bon. Achte nan men m' tou rad blan pou mete sou ou pou moun pa wè jan ou toutouni. Sa se yon wont pou ou. Achte nan men m' tou renmèd pou mete nan je ou pou ou ka wè. 19 Moun mwen renmen se yo mwen korije, se yo mwen peni. Mete plis aktivite nan sèvis ou. Tounen vin jwenn Bondye. 20 Koute. Men mwen kanpe la devan pòt la, m'ap frape. Si yon moun tande vwa m', si l' louvri pòt la ban mwen, m'a antre lakay li, m'a manje ansanm avè l', la manje ansanm avèk mwen. 21 Tout moun ki goumen jouk yo genyen batay la, m'ap ba yo dwa chita bò kote m' lè m'a sou fòtèy mwen an, menm jan mwen menm mwen te goumen jouk mwen te genyen batay la, pou koulye a mwen chita bò kot Papa m' ki chita sou fòtèy li a. 22 Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.