Haitian(i)
3 Se konsa, Rit leve, li al nan jaden yo, li pran mache dèyè travayè yo, li t'ap ranmase tèt lòj yo te kite tonbe atè. Chans pou li, li rive nan yon jaden ki te pou Bòz, fanmi Elimelèk la.
4 Li te la depi kèk tan lè Bòz rive soti Betleyèm. Li di travayè yo bonjou, li di yo: -Seyè a avèk nou! Yo reponn li: -benediksyon Seyè a avè ou tou!
5 Bòz mande kontwòlè a: -Ki jenn ti madanm sa a?
6 Nonm lan reponn: -Se yon fi moun lòt peyi li ye. Se li menm ki te vini ansanm ak Naomi lè li te tounen soti nan peyi Moab.
7 Li te mande m' pou m' kite l' mache dèyè travayè yo ranmase tèt lòj ki tonbe atè yo. L'ap degaje l' la a depi maten. Li fèk sispann pou l' pran yon ti repo anba tonèl lan la a.