Zechariah 2:3-4

Haitian(i) 3 Zanj ki t'ap pale avèk mwen an te rete kanpe. Yon lòt zanj pwoche devan l' vin jwenn li. 4 Premye zanj lan di dezyèm lan: -Kouri al di jenn gason ou wè ak chenn nan men l' lan: sitèlman pral gen moun ak bèt nan lavil Jerizalèm, yo p'ap bezwen bati miray pou fèmen l'.