2 Chronicles 34:1 Cross References - Haitian

1 Jozyas te gen witan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan tranteyennan.

1 Samuel 2:18

18 Ti Samyèl menm t'ap sèvi Seyè a. Li te gen yon ti jile tankou prèt yo konn mete a.

1 Samuel 2:26

26 Ti Samyèl menm t'ap grandi toujou. Li t'ap aji yon jan ki te fè ni Bondye ni lèzòm plezi.

1 Kings 3:7-9

7 Seyè, Bondye mwen, koulye a atout mwen jenn toujou, atout mwen pankò gen esperyans pou m' gouvènen, ou pran m', ou mete m' wa a nan plas David, defen papa m'. 8 Men mwen alatèt pèp ou chwazi pou rele ou pa ou la, yon pèp ki sitèlman anpil nou pa ka konte konbe moun ki ladan l'. 9 Tanpri, ban mwen lespri veyatif pou m' ka gouvènen pèp ou a san patipri, pou m' konn sa ki byen ak sa ki mal. Si se pa sa, ki jan m'a fè pou m' gouvènen pèp ou a ak tout moun sa yo ki ladan l'?

1 Kings 13:2

2 Dapre lòd Seyè a te ba li a, pwofèt la pale byen fò, li bay mesaj sa a sou lotèl la: -Ou menm lotèl! Wi, ou menm lotèl! Men sa Seyè a di: Nan fanmi David la, gen yon timoun ki pral fèt, y'ap rele l' Jozyas. L'ap vini, l'ap pran tout prèt k'ap sèvi nan kay zidòl yo, prèt k'ap boule lansan sou ou yo, l'ap touye yo sou ou. Lèfini, sou ou ankò y'a boule zosman moun.

2 Kings 22:1-20

1 Jozyas te gen witan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan tranteyennan. Manman l' te rele Jedida. Se te pitit fi Adaja, moun lavil Bozka. 2 Jozyas te fè sa ki dwat devan Seyè a. Li mache pye pou pye dèyè David, zansèt li, nan tou sa l'ap fè san li pa janm fè sa ki mal. 3 Wa Jozyas t'ap mache sou dizwitan depi li t'ap gouvènen. Yon jou li pran sekretè palè a, Chafan, pitit gason Azalya a, pitit pitit Mechoulam lan, li voye l' nan Tanp Seyè a, li di l' konsa: 4 --Ale jwenn Ilkija, granprèt la. W'a di l' pou l' fè rapò kantite lajan prèt ki desèvis devan pòt Tanp lan ranmase nan men pèp la. 5 W'a di l' pou l' renmèt lajan an nan men mesye ki reskonsab travay ki pou fèt nan Tanp lan, pou yo menm yo ka peye moun k'ap travay repare Tanp lan, ki vle di: 6 bòs chapant yo, kontremèt yo ak bòs mason yo, lèfini pou yo achte bwa ak wòch yo bezwen pou fè reparasyon nan Tanp lan. 7 Li p'ap bezwen fè regleman ak moun sa yo, paske se moun serye yo ye. 8 Lè Chafan, sekretè a, fin bay Ilkija lòd wa a, Ilkija di l' konsa: --Mwen jwenn liv lalwa a nan Tanp Seyè a. Ilkija bay Chafan liv la. Chafan li l'. 9 Lèfini, li tounen al jwenn wa a, li fè rapò li. Li di l' konsa: --Moun ou yo pran tout lajan ki te nan Tanp lan, yo renmèt li bay moun ki reskonsab fè reparasyon nan Tanp Seyè a. 10 Lèfini, li di wa a: --Ilkija, prèt la, te ban m' yon liv tou. Chafan li liv la pou wa a. 11 Lè wa a tande pawòl ki te ekri nan liv la, li chire rad sou li a sitèlman li te sezi. 12 Li fè chache Ilkija, prèt la, Akikam, pitit Chafan an, Achbò, pitit Mikaja a, Chafan, sekretè palè a, ak Asaja, nèg konfyans wa a. Li ba yo lòd sa a: 13 --Ale chache konnen sa Seyè a vle nou fè, mwen menm ansanm ak tout pèp Jida a, avèk tout pawòl ki nan liv nou jwenn lan! Seyè a move anpil sou nou, paske zansèt nou yo pa t' okipe sa yo di nan liv la, ni yo pa t' fè tou sa ki ekri ladan l'. 14 Se konsa Ilkija, prèt la, Akikam, Akbò, Chafan ak Asaja al kay Oulda, yon pwofèt fanm ki te rete nan katye yo te fèk bati lavil Jerizalèm lan. Oulda sa a se te madanm yon nonm yo rele Chaloum, pitit Tikva, pitit pitit Aras ki te reskonsab rad seremoni yo. Mesye yo di Oulda sa ki te rive. 15 Oulda reponn: --Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Tounen al di moun ki voye nou bò kote m' lan: 16 Men mesaj Seyè a voye ba li. Mwen pral voye yon malè sou lavil Jerizalèm ansanm ak sou tout moun li yo jan sa ekri nan liv wa Jida a te li a. 17 Yo vire do ban mwen, yo fè sèvis pou lòt bondye. Avèk tout zak sa yo, yo fè m' fè kolè. Mwen move anpil sou lavil Jerizalèm. Kolè m' poko ap pase. 18 Men sa n'a di wa peyi Jida a ki voye nou vin konnen volonte Bondye a. Wi, men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di l': Ou tande sa ki ekri nan liv la. 19 Sa fè kè ou fè ou mal, ou soumèt ou devan mwen, lè ou tande deklarasyon mwen fè sou lavil sa a ak sou tout moun li yo. Se bagay ki pral fè moun mete men nan bouch. Y'ap sèvi ak non yo pou bay madichon. Wi, lè ou tande sa ou chire rad sou ou, dlo koule nan je ou. Se poutèt sa, mwen menm tou, mwen tande ou. Se mwen menm, Seyè a, k'ap di ou sa. 20 Ou menm, w'ap mouri ak kè poze nan kabann ou, y'ap antere ou nan menm kavo ak zansèt ou yo. Ou p'ap gen tan wè malè m'ap voye sou lavil Jerizalèm lan. Mesye yo tounen pote mesaj la bay wa Jozyas.

1 Chronicles 3:14-15

14 Manase te papa Amon, Amon te papa Jozyas. 15 Jozyas te gen kat pitit gason. Pi gran an te rele Jokanan, dezyèm lan Jojakim, twazyèm lan Sedesyas, katriyèm lan Chaloum.

2 Chronicles 24:1

1 Joas te gen sètan lè li moute wa. Li pase karantan lavil Jerizalèm ap gouvènen peyi a. Manman l' te yon moun lavil Bècheba ki te rele Zibya.

2 Chronicles 26:1

1 Tout pèp peyi Jida a pran Ozyas, pitit gason Amasya a, yo fè l' wa nan plas papa l'. Ozyas te gen sèzan lè sa a.

2 Chronicles 33:1

1 Manase te gen douzan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan senkannsenkan.

2 Chronicles 33:25

25 Moun peyi Jida yo touye mesye ki te fè konplo pou touye Amon yo. Yo mete Jozyas, pitit gason Amon an, wa nan plas li.

Ecclesiastes 4:13

13 -(we vèsè pwochen)

Jeremiah 1:2

2 Lè Seyè a te pale ak Jeremi an, Jozyas, pitit gason Amon an, t'ap mache sou trèzan depi li te wa peyi Jida.

Zephaniah 1:1

1 Men mesaj Seyè a te bay Sofoni sou rèy Jozyas, pitit Amon an, ki te wa peyi Jida. Sofoni te pitit Kouchi. Kouchi te pitit Gedalya. Gedalya sa a te pitit Amarya ki li menm te pitit wa Ezekyas.

Matthew 1:10-11

10 Ezekyas te papa Manase; Manase te papa Amon; Amon te papa Jozyas; 11 Jozyas te papa Jekonyas ak lòt frè l' yo. Se lè sa a yo te depòte moun pèp Izrayèl yo, yo mennen yo ale lavil Babilòn.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.