Amos 7:1 Cross References - Haitian

1 Se konsa Seyè a, Bondye a, fè m' fè yon vizyon. Nan vizyon an mwen wè Seyè a t'ap fè yon rafal krikèt vèt. Se te nan epòk yo te fin koupe pòsyon pa wa a nan jaden yo. Chak plant yo te fèk ap boujonnen ankò.

Exodus 10:12-16

12 Seyè a di Moyiz: -Lonje men ou sou peyi Lejip la pou fè krikèt yo vini sou li. Y'ap vini, y'ap devore tout fèy bwa nan peyi a. Wi, y'a devore tou sa lagrèl te kite. 13 Moyiz lonje baton l' lan sou peyi Lejip la. Seyè a fè yon van nòde soufle sou peyi a. Van an soufle tout yon jounen ak tout yon nwit. Nan maten, van an pote krikèt vèt yo vini. 14 Krikèt yo tonbe sou peyi Lejip la, yo poze toupatou nan peyi a. Moun pa t' janm wè kantite krikèt konsa, epi se bagay yo p'ap janm wè ankò. 15 Krikèt yo kouvri tè a nèt. Tè a vin tou nwa ak krikèt. Krikèt yo manje tou sak t'ap pouse nan peyi a, tout fwi ki te nan pyebwa yo, tou sa lagrèl te kite. pa t' rete yon ti fèy vèt nan pyebwa yo ankò nan tout peyi Lejip la. Tout jaden te pèdi nèt. 16 Lè sa a, farawon an prese fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo: -Mwen peche kont Seyè a, Bondye nou an, mwen peche kont nou menm tou.

Isaiah 33:4

4 Tankou krikèt nan jaden, nou kouri lage kò nou sou tou sa yo genyen, nou ranmase tout bagay pote ale.

Jeremiah 1:11-16

11 Seyè a pale avè m', li di m' ankò: -Kisa ou wè la a, Jeremi? Mwen reponn li: -Mwen wè yon branch zanmann. 12 Lè sa a, Seyè a di: -Se sa menm! Mwen menm, m'ap veye pou sa m' di a rive vre. 13 Apre sa, Seyè a pale avè m' yon lòt fwa ankò, li di m': -Kisa ou wè la a? Mwen reponn li: -Mwen wè yon chodyè dlo k'ap bouyi sou yon dife. Vapè dlo cho a ap desann soti nan nò. 14 Lè sa a Seyè a fè m' konnen: -Yon gwo malè pral soti nan nò, l'ap tonbe sou tout moun ki rete nan peyi a. 15 Paske m'ap rele tout ras moun ki rete nan peyi sou bò nò yo pou yo vini. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Y'a vini, y'a mete fotèy wa yo devan pòtay lavil Jerizalèm. Y'ap fè wonn miray ranpa l' yo, y'ap atake tout lavil nan peyi Jida yo. 16 M'a pini moun nan peyi a jan m' te di l' la, paske yo te fè sa ki mal. Yo vire do ban mwen, y' al boule lansan pou lòt bondye. Yo fè zidòl, lèfini yo fè sèvis pou yo.

Jeremiah 24:1

1 Seyè a fè m' wè de panyen plen fig frans kòtakòt devan gwo kay Seyè a. Lè sa a, Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, te gen tan depòte Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a, ansanm ak tout gwo chèf peyi Jida yo, bòs atizan yo ak tout moun ki gen metye yo. Li te mennen yo tout ale lavil Babilòn.

Ezekiel 11:25

25 Mwen rakonte moun yo te depòte yo tou sa Seyè a te fè m' wè.

Joel 1:4

4 Sa jenn ti krikèt yo kite, gwo krikèt devore sa. Sa gwo krikèt yo kite, ti chini devore sa. Sa ti chini yo kite, gwo chini devore sa.

Joel 2:25

25 M'a ban nou ankò tou sa nou te pèdi pandan tout tan bann gwo krikèt yo, ti krikèt yo, ti chini yo ak gwo chini yo te devore rekòt nou yo. Se mwen menm ki te voye lame sa a sou nou.

Amos 4:9

9 Mwen voye yon van cho kou dife boule tout rekòt yo. Krikèt vèt manje tout jaden nou yo ak tout pye rezen nou yo, tout pye fig frans nou yo ak tout pye oliv nou yo. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a menm ki di sa.

Amos 7:4

4 Se konsa, Seyè a, Bondye a, fè m' fè yon lòt vizyon. Nan vizyon an, mwen wè Seyè a t'ap voye yon dife pou l' devore pèp la pou pini l'. Dife a te fin boule gwo lanmè ki anba tè a, li t'ap devore tout jaden.

Amos 7:7

7 Se konsa, Seyè a fè m' fè yon lòt vizyon ankò. Nan vizyon an, mwen wè Seyè a te kanpe bò yon mi yo te moute tou dwat. Li te gen yon filaplon nan men l'.

Amos 8:1

1 Se konsa, Seyè a, Bondye a, fè m' fè yon lòt vizyon. Nan vizyon an, mwen wè yon panyen plen fwi mi.

Nahum 3:15-17

15 Ou te mèt peple tankou chini, ou te mèt peple tankou krikèt, dife pral boule ou nèt ale. Lagè pral fini avè ou. 16 Ou te gen plis moun k'ap fè kòmès pase gen zetwal nan syèl la. Koulye a, yo pati tankou krikèt ki louvri zèl yo vole ale. 17 Sòlda ou yo ak moun k'ap travay pou ou yo pral tankou yon bann krikèt ki poze sou raje lè fredi. Leve solèy la leve, y' ale. Pesonn pa konnen kote yo fè.

Zechariah 1:20

20 Apre sa, Seyè a fè m' wè kat bòs fòjon ak mato nan men yo.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.