Exodus 15:1 Cross References - Haitian

1 Lè sa a, Moyiz ak moun pèp Izrayèl yo chante yon chante pou Seyè a. Men sa chante a di: -M'ap chante pou Seyè a, paske li genyen batay la. Li voye chwal yo ak tout kavalye yo jete nan lanmè.

Exodus 14:17-18

17 M'ap fè moun peyi Lejip yo fè tèt di pi rèd. Y'ap antre dèyè moun pèp Izrayèl yo nan mitan lanmè a. Mwen pral bat farawon an ansanm ak tout lame l' a, tout cha li yo ak tout kavalye l' yo. Sa va sèvi yon lwanj pou mwen. 18 Lè m'a bat farawon an ansanm ak tout cha li yo ak kavalye li yo, moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm ki Seyè a.

Exodus 14:27

27 Se konsa, lè jou pral kase, Moyiz lonje men l' sou lanmè a, dlo a tounen nan plas li. Lè moun peyi Lejip yo wè dlo a ap vini sou yo, yo t'ap chache sove poul yo. Yo pran kouri. Men, Seyè a voye yo jete nan lanmè a.

Exodus 15:21

21 Miryam t'ap chante pou yo, li t'ap di moun pèp Izrayèl yo: Annou chante pou Seyè a! Paske li genyen yon bèl batay! Li voye chwal yo jete nan fon lanmè ak tout kavalye yo sou yo.

Exodus 18:11

11 Koulye a mwen konnen Seyè a gen plis pouvwa pase tout lòt bondye yo, paske gade jan Bondye delivre pèp Izrayèl la anba moun peyi Lejip yo ki pa t' vle wè yo!

Judges 5:1-31

1 Jou sa a, Debora ak Barak, pitit gason Obinoram lan, pran chante chante sa a: 2 -Lwanj pou Seyè a, lè moun pèp Izrayèl yo soti pou yo goumen, lè pèp la pote tèt li ak kè kontan pou fè lagè! 3 Nou menm wa yo, koute sa m'ap di! Nou menm gwo chèf yo, louvri zòrèy nou! Mwen pral chante pou Seyè a! Mwen pral fè lwanj Sengè a, Bondye pèp Izrayèl la! 4 Seyè! Lè ou te kite mòn Seyi yo, lè ou te soti nan zòn peyi Edon an, latè te pran tranble, lapli tonbe anpil sot nan syèl la. Wi, nwaj yo pran lage dlo. 5 Mòn yo pran tranble devan mèt mòn Sinayi a, devan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la! 6 Sou tan Chanmga, pitit gason Anat la, ak sou tan Jayèl, bann machann yo te sispann pwonmennen nan tout peyi a ak bèt yo. Vwayajè yo te blije pase nan lòt chemen. 7 Lavil peyi Izrayèl yo pa t' gen moun ladan yo ankò pou pran defans yo. Yo te rete san moun pou defann yo, jouk jou mwen menm, Debora, mwen parèt tankou yon manman pou pèp Izrayèl la. 8 Lè sa a, te prèt pou gen lagè nan peyi a. Moun pèp Izrayèl yo tanmen sèvi lòt bondye. Lè sa a tou, te gen karantmil (40.000) gason nan pèp Izrayèl la. Men, pa t' gen yon plak pwotèj ak frenn pou yo sèvi. 9 Mwen kontan chèf k'ap kòmande pèp Izrayèl la! Mwen kontan moun ki te pote tèt yo pou y' al goumen! Lwanj pou Seyè a! 10 Nou menm ki moute manman bourik blan yo, nou menm ki chita sou bèl tapi, nou menm k'ap mache apye sou gran chimen, kalkile sa byen! 11 Koute vwa moun ki al bò sous dlo yo! Y'ap rakonte tout bèl bagay Seyè a te fè, bèl bagay li te fè pou pèp Izrayèl la. Lè sa a, pèp Seyè a te desann bò pòtay yo. 12 Annavan! Debora! Annavan! Annou wè! Chante yon chante! Annavan! Annavan! Barak! pitit gason Abinoram lan! Mennen prizonye yo vini! 13 Lè sa a, sa ki pa t' vire do bay Bondye yo desann vin jwenn chèf yo. Pèp Seyè a vin jwenn li, tou pare pou lagè. 14 Yo soti nan mòn Efrayim yo desann nan fon an, dèyè moun Benjamen yo ak sòlda lame yo. Kòmandan lame yo desann soti Maki, jeneral yo soti nan peyi Zabilon. 15 Chèf branch fanmi Isaka yo te la avèk Debora. Wi, moun Isaka yo vini, Barak te vini tou. Yo swiv li nan tout plenn lan. Men, moun branch fanmi Woubenn yo te divize. Yo pa t' ka deside pou yo vini. 16 Poukisa yo rete dèyè avèk mouton yo? Pou yo te ka tande gadò yo ap rele bann mouton yo? Wi! Moun Woubenn yo te an balan. Yo pa t' ka deside si y'ap vini, si yo p'ap vini! 17 Moun Galarad yo te rete rete yo lòt bò larivyè Jouden an. Moun Dann yo rete rete yo sou bato yo. Moun Asè yo rete rete yo bò lanmè a, yo rete sou tout rivaj yo. 18 Men, moun Zabilon yo ak moun Neftali yo al brave danje kote batay la ye a. 19 Wa yo vini, yo kwaze fè bò Tanak, toupre sous dlo Megido a. Wa peyi Kanaran yo goumen, men yo pa jwenn anyen pou yo pote ale! Pa menm yon ti moso ajan! 20 Zetwal yo rete nan syèl la yo goumen. Yo rete kote y'ap mache nan syèl la, yo goumen ak Sisera. 21 Dlo ravin Kichon an desann pote yo ale. Wi, se ansyen ravin lan, ravin Kichon an, ki fè sa. M'ap mache pran yo, je m' byen kale! 22 Lè sa a, yo tande chwal yo ki t'ap galope ale. Chwal yo t'ap pilonnen tè a ak zago yo. 23 Zanj Seyè a di: Ann mande madichon pou lavil Mewòz! Madichon, madichon pou tout moun k'ap viv nan lavil la. Yo pa t' vin ede Seyè a, yo pa t' voye sòlda goumen pou li. 24 Nan tout fanm ki sou latè, Jayèl se yon fanm Bondye beni anpil. Wi, Jayèl, madan Ebè, moun fanmi Kayen, nan tout fanm ki sou latè, se yon fanm Bondye beni anpil. 25 Sisera mande l' dlo, li ba li lèt. Li ba l' yon krèm lèt nan pi bèl bòl li te genyen. 26 Li pran yon pikèt tant nan men gòch li, yon mato travayè nan men dwat li. Li frape Sisera nan tèt ak mato a, li krabouye tèt li. Li pèse tanp li, li touye l'. 27 Sisera tonbe sou jenou, li woule atè, epi li mouri nan pye Jayèl. Wi, nan pye madanm lan, li tonbe sou jenou li yo, li woule atè. Kote li kouche a, li mouri frèt. 28 Manman Sisera ap gade nan fennèt la. L'ap gade dèyè jalouzi a, l'ap mande: -Kote cha pitit mwen an depi tout tan sa a? Poukisa chwal li yo pran tout reta sa a pou yo vini? 29 Lè sa a, medam ki gen plis konprann nan sèvant li yo reponn li. Li menm tou, li t'ap repete nan kè l': 30 -Koulye a yo dwe ap separe sa yo pran nan men lènmi yo! Yon fi, de fi pou chak sòlda, bèl twal koulè byen bwode pou Sisera, yon gwo mouchwa bwode byen bèl pou l' mete nan kou l'. 31 Wi, Seyè! Se konsa pou tout lènmi ou yo mouri. Men, zanmi ou yo ap klere tankou solèy midi. Apre sa, te gen lapè nan peyi a pandan karantan.

2 Samuel 22:1-51

1 Lè Seyè a te fin delivre David anba men Sayil ak anba men tout lènmi li yo, David chante chante sa a pou Seyè a. 2 Li di konsa: -Seyè, se ou menm ki twou wòch kote m' kache a. Se ou menm ki sèvi m' ranpa. Se ou menm ki delivre m'. 3 Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m'. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k'ap sove m'. Se anba zèl ou m' jwenn kote pou m' kache. Se ou ki delivrans mwen. Se ou ki delivre m' anba mechan yo. 4 Mwen rele Seyè a, li delivre m' anba lènmi m' yo. Lwanj pou Seyè a! 5 Lanmò te fin vlope m', mwen te pè lè m' wè tout malè sa yo tonbe sou mwen. 6 Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kote m' vire, mwen wè lanmò devan m'. 7 Nan mizè mwen te ye a mwen rele Seyè a, Mwen mande Bondye mwen sekou. Kote l' chita lakay li a, li tande vwa mwen. Rèl mwen rive jouk nan zòrèy li. 8 Lè sa a, latè pran tranble, li souke. Fondasyon syèl la pran tranble. Yon sèl frison pran yo, paske Bondye te an kòlè. 9 Lafimen t'ap soti nan twou nen li. Yon gwo flanm dife ak moso chabon tou limen t'ap soti nan bouch li. 10 Li bese syèl la, li desann ak yon gwo nwaj nwa anba pye li. 11 Li moute sou do yon zanj cheriben, li t'ap vole. Yon kouran van t'ap pouse l' ale. 12 Li te kache kò l' nan fènwa. Yon gwo nwaj pwès plen dlo te vlope l' toupatou. 13 Anpil chabon dife tou limen t'ap soti nan gwo limyè ki t'ap klere devan li an. 14 Seyè a pran gwonde nan syèl la. Bondye ki anwo nan syèl la fè tout moun tande vwa li. 15 Li voye flèch li yo, li gaye tout lènmi m' yo, li fè yo tout kouri ak kout zèklè. 16 Lè ou an kòlè, Seyè, van soti ak fòs nan twou nen ou. Lè konsa, moun wè fon lanmè a, fondasyon latè a parèt aklè. 17 Seyè a rete nan syèl la, li lonje men l', li pran m'. Li rale m' soti nan mitan gwo dlo yo. 18 Li delivre m' anba gwo lènmi m' yo, anba tout moun sa yo ki te rayi m', epi ki te pi fò pase m'. 19 Lè m' te nan tray, yo pwofite atake m'. Men, Seyè a te kenbe m'. 20 Li wete m' nan move pa a. Li delivre m' paske li renmen m'. 21 Seyè a ban m' sa m' merite, paske li wè m' mache dwat devan li. Li ban m' benediksyon paske li wè mwen inonsan. 22 Mwen te obeyi lalwa Seyè a, mwen pa janm vire do bay Bondye. 23 Mwen fè tou sa ki nan lalwa li, mwen pa janm dezobeyi kòmandman li yo. 24 Li konnen mwen pa antò. Mwen kenbe kò m' pou m' pa fè sa ki mal. 25 Se konsa li ban m' sa m' merite, paske mwen mache dwat devan li, paske li wè mwen inonsan. 26 Ou menm, Seyè, ou kenbe pawòl ou ak moun ki kenbe pawòl yo, ou bon ak moun ki bon. 27 Ou pa fè ipokrit ak moun ki pa fè ipokrit avè ou, men ou malen ak moun ki malen. 28 Ou sove moun ki soumèt yo devan ou. Men, ou annik gade moun ki gen lògèy yo, ou desann yo. 29 Seyè, ou se limyè mwen. Se ou ki wete m' nan fènwa kote m' te ye a. 30 Avè ou, mwen fonse sou bann lènmi m' yo ki ame jouk nan dan. Avè ou, mwen eskalade miray ki sèvi yo defans. 31 Bondye o! Tou sa ou fè bon nèt ale. Ou pa gen de pawòl. Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl ou. 32 Ki moun ki Bondye si se pa Seyè a? Ki moun ki defans nou si se pa Bondye nou an? 33 Se Bondye ki pwoteje m' avè fòs li. Li fè m' mennen yon lavi san repwòch. 34 Li asire pye m' tankou pye kabrit, li fè m' mache sou mòn yo san m' pa tonbe. 35 Li moutre m' jan pou m' goumen. Li ban m' fòs pou m' sèvi ak pi gwo banza ki genyen. 36 Se ou menm, Seyè, ki pwoteje m'. Se ou ki sove m'. Si m' kapab leve kanpe, se paske ou renmen m'. 37 Ou pa kite yo bare wout mwen. Mwen pa janm pèdi pye. 38 Mwen kouri dèyè lènmi m' yo, mwen bat yo. Mwen pa tounen toutan mwen pa fin kraze yo nèt. 39 Mwen jete yo atè, m' kraze yo, yo pa ka leve. Yo tonbe, mwen mete pye m' sou kou yo. 40 Ou ban m' kont fòs pou m' goumen. Ou fè lènmi m' yo mande m' padon. 41 Ou fè yo kouri devan m'. Mwen disparèt tout moun ki rayi m' yo. 42 Y'ap mande sekou, men pa gen moun ki ka sove yo. Y'ap rele Seyè a, men li pa reponn yo. 43 Mwen kraze yo fè yo tounen pousyè. M' pilonnen yo, m' mache sou yo tankou sou labou nan lari. 44 Ou delivre m' anba pèp rebèl sa a. Ou fè m' rete chèf pou m' gouvènen tout nasyon yo tou. Pèp mwen pa t' konnen, se yo menm k'ap sèvi m'. 45 Moun lòt peyi yo ap achte figi m'. Kou yo tande vwa m', yo obeyi m'. 46 Yo pèdi tout kouraj yo. Yo soti kote yo te kache a, y'ap tranble kou fèy bwa. 47 Konpliman pou Seyè a! Lwanj pou moun ki pran defans mwen an! Se Bondye ki delivre m', se li menm ki pwoteje m'. Ann fè konnen jan li gen pouvwa! 48 Se Bondye ki pran revanj mwen. Se li ki mete pèp yo anba pye mwen. 49 Ou sove m' anba men lènmi m' yo. Ou wete m' anba men moun ki t'ap konbat mwen yo. Ou delivre m' anba ansasen yo. 50 Se poutèt sa m'a fè moun lòt nasyon yo konnen ki moun ou ye. m'a chante pou fè lwanj ou. 51 Bondye delivre wa li a anpil fwa. Li moutre jan li pa janm sispann renmen David, moun li chwazi a, ansanm ak pitit pitit li yo pou tout tan.

Psalms 106:12

12 Se lè sa a pèp li a vin kwè sa l' te di a, yo chante pou fè lwanj li.

Psalms 107:8

8 Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay li fè pou moun.

Psalms 107:15

15 Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun.

Psalms 107:21-22

21 Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun. 22 Se pou yo ofri bèt pou touye ba li pou di l' mèsi. Se pou yo rakonte tou sa li fè. Se pou yo chante tèlman yo kontan.

Isaiah 12:1-6

1 Jou sa a, w'a pran chante: -M'ap fè lwanj ou, Seyè! Ou te move sou mwen. Men koulye a, ou pa fache ankò. W'ap ban m' kouraj. 2 Se Bondye ki delivre m'! Mwen gen konfyans nan li. Kè m' pa kase ankò! Se Seyè a ki tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m'! 3 Menm jan kè pèp la kontan lè y' apral pran dlo nan sous, se konsa y'a kontan lè Bondye ap delivre yo. 4 Jou sa a, n'a pran chante: Ann di Bondye mèsi! Ann lapriyè nan pye l'! Fè tout nasyon yo konnen sa li fè. 5 Chante pou Seyè a, paske li fè gwo mèvèy. Fè tout moun sou latè konn sa! 6 Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, rele, fè fèt! Bondye pèp Izrayèl la se yon Bondye apa, li gen anpil pouvwa. Se nan mitan nou li rete.

Isaiah 51:10-11

10 Se ou menm ki te cheche dlo lanmè a. Se ou menm ki te louvri yon chemen nan mitan lanmè a pou moun ou t'ap delivre yo te ka pase. 11 Moun Seyè a delivre yo ap tounen lakay yo. Y'ap rive sou mòn Siyon an avèk chante nan bouch yo, ak yon kontantman nan tout figi yo, yon sèl kè kontan ki p'ap janm fini. P'ap gen lapenn, p'ap gen plenyen ankò. Se va kè kontan ak fèt pou tout tan.

Colossians 2:15

15 Avèk Kris la ki mouri sou kwa a, Bondye wete tout pouvwa ak tout otorite lespri yo te genyen nan lemonn. Li fè tout moun wè sa yo ye. Li fè yo mache tankou prizonye devan Kris la ki te genyen batay la.

Revelation 15:3

3 Yo t'ap chante chante Moyiz, sèvitè Bondye a, ansanm ak chante ti Mouton an Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa, tou sa ou fè, se bèl bagay! Ou menm ki wa tout nasyon, plan travay ou yo dwat, se verite yo ye.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.