Genesis 13:1 Cross References - Haitian

1 Abram kite peyi Lejip, li moute nan nò, li tounen nan rejyon Negèv la, ansanm ak madanm li avèk tout sa li genyen. Lòt, neve l' la, te avèk li tou.

Genesis 12:9-20

9 Li vwayaje toujou, li desann nan direksyon sid, bout pou bout jouk li rive nan rejyon Negèv la. 10 Men, grangou tonbe sou peyi a, pa t' gen manje menm. Se poutèt sa Abram te desann nan peyi Lejip. Li rete la yon bon bout tan. 11 Li te prèt pou antre nan peyi Lejip lè li di Sarayi, madanm li. Koute non. Ou se yon bèl fanm. 12 Lè gason nan peyi Lejip yo wè ou, yo pral di: Se madanm li wi! Epi y'a touye m' pou yo sa pran ou nan men m'. 13 Tanpri, di yo se sè mwen ou ye pou yo pa touye m', pou yo ka aji byen avè m' poutèt ou. 14 Se konsa, rive Abram rive nan peyi Lejip, mesye yo gen tan wè jan Sarayi te yon bèl fanm. 15 Kèk grannèg nan gouvènman an wè sa tou, y al di farawon an jan li te bèl. Epi yo mennen Sarayi nan palè a. 16 Poutèt Sarayi, farawon an te aji byen ak Abram. Li ba li kantite mouton, kabrit, bèf, bourik, chamo, san konte esklav, fanm kou gason, pou sèvi l'. 17 Men, paske farawon an te pran Sarayi, madanm Abram, pou madanm li, Seyè a voye yon bann move maladi sou li ak sou moun ki te nan palè a. 18 Lè sa a, farawon an fè rele Abram, li di li. Kisa ou fè m' konsa? Poukisa ou pa t' di m' se madanm ou Sarayi ye? 19 Poukisa ou te di m' se sè ou li ye? Mwen pa ta janm pran l' pou madanm mwen. Monchè, men madanm ou. Pran l', al fè wout ou. 20 Farawon an pase moun li yo lòd pou fè Abram pati kite peyi a, li menm ansanm ak madanm li avèk tout sa ki te pou li.

Genesis 20:1

1 Abraram kite Manmre, li pati, li ale Negèv, li rete ant Kadès ak Chour kote li moute kay li. Pandan tout tan li t'ap viv nan peyi Gera a,

Genesis 21:33

33 Se la Bècheba Abraram plante yon pye tonmaren. Lèfini li fè sèvis pou Seyè a, Bondye ki la pou tout tan an.

Joshua 10:40

40 Se konsa Jozye te fè tout peyi a soumèt devan li. Li te kraze tout wa yo, kit sa ki t'ap gouvènen nan mòn yo ak nan Negèv la, kit sa ki t'ap gouvènen nan plenn yo ak sou ti mòn yo. Li pa kite yon moun chape. Li touye dènye moun, dènye bèt tankou yon ofrann pou Seyè a, jan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te ba li lòd fè a.

Joshua 18:5

5 Y'a separe rès peyi a an sèt pòsyon. Moun branch fanmi Jida yo va rete sou tè pa yo nan sid, epi moun branch fanmi Jozèf yo va rete sou pòsyon tè pa yo tou nan nò.

1 Samuel 27:10

10 Lè Akich mande l': -Ki kote ou t' al demele ou jòdi a? David te kouri reponn li se nan zòn Negèv nan peyi Jida a, osinon nan zòn sid peyi moun Jerakmeyèl yo, ou ankò nan zòn sid teritwa moun Kayen yo.

2 Samuel 24:7

7 Lèfini, yo desann nan direksyon sid, yo rive nan Fò Tir la, yo pase nan tout bouk moun Iva yo ak bouk moun Kanaran yo, yo rive Bècheba nan zòn Negèv nan peyi Jida a.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.