Lamentations 3:1 Cross References - Haitian

1 Mwen se yon nonm ki konnen mizè moun gen pou pase lè Bondye ankòlè sou yo, lè Bondye ap pini yo.

Job 19:21

21 Nou se zanmi m'. Pitye pou mwen! Pitye! Se Bondye menm ki leve men sou mwen.

Psalms 71:20

20 Ou voye traka ak soufrans ban nou. Men se ou k'ap ban nou lavi ankò. W'ap rale nou soti nan bouch twou a.

Psalms 88:7

7 Ou voye m' jete nan yon gwo twou byen fon, kote ki fè nwa anpil, nan yon twou san fon.

Psalms 88:15-16

15 Seyè, poukisa ou voye m' jete lwen ou konsa? Poukisa ou kache figi ou pou mwen? 16 Depi mwen jenn gason se soufri m'ap soufri, m'ap pase ra lanmò. Ou sitèlman pini mwen, mwen pa konn sa pou m' fè ankò.

Isaiah 53:3

3 Nou pa t' gade l' menm, tout moun te vire do ba li. Li te soufri anpil, li te tout tan nan gwo lapenn. Tout moun te vire tèt yo pou yo pa wè l'. Nou pa t' okipe l', nou pa t' pran ka l' menm.

Jeremiah 15:17-18

17 Mwen pa pèdi tan m' chita ak moun k'ap bay blag pou m' pran plezi m' ak yo. Ou te pran m' anba ponyèt ou. M' mete kò m' sou kote, paske ou te fè m' fache menm jan avè ou! 18 Poukisa m'ap soufri san rete konsa? Poukisa kote m' blese a pa ka geri? M' pa ka jwenn renmèd pou li. Gen lè ou soti pou ou woule m'? Ou tankou yon sous ki bay dlo lè l' vle.

Jeremiah 20:14-18

14 Madichon pou jou mwen te fèt la! Ankenn benediksyon pou jou manman m' te fè m' lan! 15 Madichon pou moun ki t' al fè papa m' konnen li gen yon pitit gason epi ki te fè kè l' kontan lè sa a! 16 Se pou nonm sa a tankou moun lavil Seyè a detwi pou tout tan an yo. Nan maten, se pou l' tande rèl moun ki nan lapenn. Vè midi, l'a tande siyal lagè, 17 Paske li pa t' touye m' anvan m' te fèt la, pou vant manman m' te tou sèvi m' kavo: li ta rete ansent mwen pou tout tan. 18 Poukisa m' te fèt atò? Pou m' te ka nan lapenn, nan lafliksyon, pou m' te ka mouri nan lawont?

Jeremiah 38:6

6 Se konsa, te gen yon gwo pi nan lakou palè a ki te pou Malkija, pitit gason wa a. Yo pran Jeremi, yo desann li nan fon sitèn lan avèk kòd. Pa t' gen dlo ladan l', men te gen anpil labou. Jeremi antre nan labou a.

Lamentations 1:12-14

12 Nou tout k'ap pase la a, gade non! Sa pa di nou anyen? Pesonn pa janm pase sa m'ap pase la a. Se Bondye, Seyè a, ki ankòlè k'ap manyen avè m'. 13 Li rete anwo, li voye dife sou mwen, yon dife ki boule tout anndan mwen. Li tann pèlen pou mwen, li fè m' tonbe atè, Li kite m' pou kont mwen. San rete m'ap kòde anba soufrans. 14 Li make tout peche m' yo. Li fè yon pakèt ak yo. Li pandye yo nan kou m'. Yo sitèlman lou, m' pa kapab ankò! Bondye sèl Mèt la lage m' nan men lènmi m' yo. M' pa ka kenbe tèt ak yo.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.