18 Apre sa, mwen fè yon lòt vizyon, mwen leve je m' gade. Mwen wè kat kòn bèf.
Zechariah 1:18 Cross References - Haitian
Joshua 5:13
13 Yon jou, antan Jozye te toupre lavil Jeriko a, li rete konsa, li wè yon nonm kanpe devan l' avèk yon nepe nan men l'. Jozye mache sou li, epi li mande l': -Ou se yonn nan moun pa nou yo osinon yon lènmi?
2 Kings 15:29
29 Se sou reny Peka, Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri, anvayi peyi a, li pran lavil Ijon, lavil Abèl bèt Maka, lavil Janoa, lavil Kadès, lavil Azò, tout teritwa Galarad, tout teritwa Galile ak tout zòn Neftali a. Li fè tout moun yo prizonye, li depòte yo nan peyi Lasiri.
2 Kings 17:1-6
1 Wa Akaz t'ap mache sou douzan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Oze, pitit Ela, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan nevan.
2 Li fè sa ki mal nan je Seyè a, men tansèlman pa tankou lòt wa ki te gouvènen peyi Izrayèl la anvan l' yo.
3 Salmanaza, wa peyi Lasiri a, atake Oze. Oze soumèt devan l'. Li peye l' yon lajan chak lanne.
4 Men, Salmanaza vin dekouvri Oze t'ap moute konplo sou do l'. Oze te voye mesaje bò kot So, wa peyi Lejip, pou mande l' konkou. Lèfini, li te sispann voye lajan li te gen pou l' peye wa peyi Lasiri a chak lanne. Se konsa Salmanaza fè arete Oze, mete l' nan prizon ak chenn nan pye l'.
5 Salmanaza anvayi peyi Izrayèl la. Li sènen lavil Samari pandan twazan.
6 Oze te gen nevan depi li te wa lè wa Lasiri a pran lavil Samari. Salmanaza fè tout pèp Izrayèl la prizonye, li depòte yo nan peyi Lasiri. Li mete yon pati ladan yo lavil Ala, toupre larivyè Abò nan zòn Gozan, yon pati nan lavil peyi Medi yo.
2 Kings 18:9-12
9 Ezekyas t'ap mache sou katran depi li te wa nan peyi Jida, Oze, pitit Ela a menm, te gen sètan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl la lè Salmanaza, wa peyi Lasiri a, anvayi peyi Izrayèl, li sènen lavil Samari.
10 Sou bout twazan, li pran lavil la. Lè sa a, Ezekyas t'ap mache sou sizan depi li te wa, Oze menm te gen nevan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl.
11 Salmanaza fè tout moun peyi Izrayèl yo prizonye. Li depòte yo nan peyi Lasiri. Li mete yon pati ladan yo lavil Ala, toupre larivyè Abò nan zòn Gozan an, yon pati nan lavil peyi Medi yo.
12 Lavil Samari te tonbe paske moun pèp Izrayèl yo pa t' obeyi Seyè a, Bondye yo a. Yo pa t' respekte kontra li te pase ak yo a. Yo pa t' fè tou sa Moyiz, sèvitè Seyè a, te mande yo fè. Yo pa t' koute l'.
2 Kings 24:1-20
1 Pandan reny Jojakim lan, Nèbikadneza, wa peyi Babilòn, anvayi peyi Jida. Pandan twazan Jojakim soumèt devan li. Apre sa, li konmanse kenbe tèt avè l'.
2 Lè sa a, Seyè a voye ansasen soti nan peyi Babilòn, nan peyi Siri, nan peyi Moab ak nan peyi Amon vin dèyè Jojakim. Li lage yo nan peyi Jida a pou yo fini avè l' dapre sa Seyè a te di nan bouch pwofèt yo, sèvitè l' yo.
3 Sa te rive peyi Jida a paske Seyè a te vle wete pèp peyi Jida a devan je l' poutèt peche wa Manase te fè yo,
4 ak pou kantite moun inonsan li te touye jouk tout lari Jerizalèm te plen san. Seyè a pa t' vle padonnen ankò.
5 Tout rès istwa Jojakim lan, sa li te fè yo, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.
6 Lè Jojakim mouri se Jojakin, pitit gason li a, ki moute wa nan plas li.
7 Wa peyi Lejip la pa janm soti kite peyi l' la ankò, paske wa peyi Babilòn lan te pran tout zòn ki te pou wa peyi Lejip la, depi larivyè Lefrat rive nan ravin Lejip.
8 Jojakin te gen dizwitan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan twa mwa. Manman l' te rele Neouchta. Se te pitit fi Elnatan, moun lavil Jerizalèm.
9 Li fè sa ki mal devan Seyè a tankou papa l'.
10 Se sou reny li lame Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, te mache sou lavil Jerizalèm. Yo sènen lavil la.
11 Pandan lame a te sènen lavil la, Nèbikadneza vin atake lavil la li menm menm.
12 Lè sa a, Jojakin, wa peyi Jida a, al rann tèt li bay wa Babilòn lan ansanm ak manman l', pitit gason l' yo, chèf lame l' yo ak chèf palè li yo. Wa a fè yo tout prizonye. Lè sa a, Nèbikadneza t'ap mache sou witan depi li te wa.
13 Li pran tout richès ki te nan Tanp Seyè a ak nan palè wa a. Li kraze tout bèl bagay an lò Salomon, wa pèp Izrayèl la, te fè pou sèvi nan Tanp Seyè a, jan Seyè a te fè konn sa depi lontan an.
14 Nèbikadneza depòte dènye moun ki te lavil Jerizalèm, tout chèf yo, tout grannèg yo, li depòte tout atizan yo ak tout bòs fòjon yo. Sa te fè dimil (10.000) moun antou. Se moun pòv yo ase li kite nan peyi Jida a.
15 Nèbikadneza fè Jojakin prizonye ansanm ak manman l', madanm li yo, chèf nan gouvènman l' yo ak tout grannèg peyi Jida yo. Li depòte yo, li pran yo lavil Jerizalèm li mennen yo peyi Babilòn.
16 Wa peyi Babilòn lan te depòte antou sètmil (7.000) prizonye nan peyi Babilòn, ansanm ak mil atizan ak bòs fòjon san konte vanyan gason ki te ka fè lagè.
17 Apre sa, Nèbikadneza pran Matanya, tonton wa Jojakin, li mete l' wa nan peyi Jida. Li chanje non l', li rele l' Sedesyas.
18 Sedesyas te gen venteyennan lè li vin wa peyi Jida. Li pase onzan lavil Jerizalèm ap gouvènen peyi a. Manman l' te rele Amoutal. Se te pitit fi Jeremi, moun lavil Libna.
19 Wa Sedesyas te fè sa ki mal devan Bondye menm jan ak Jojakin.
20 Se konsa, Seyè a te fache ni sou moun lavil Jerizalèm yo, ni sou moun peyi Jida yo jouk jou li wete yo devan je l'. Men, rive yon lè Sedesyas derefize soumèt devan Nèbikadneza, wa Babilòn lan.
Daniel 2:37-43
37 Monwa, se ou ki pi gran pase tout wa. Se Bondye nan syèl la ki mete ou wa, li ba ou pouvwa, li ba ou fòs, li fè moun fè lwanj ou.
38 Li mete ou chèf pou ou gouvènen tout moun ki rete sou latè, pou ou gouvènen ata zannimo ak zwazo. Se ou menm ki tèt an lò a.
39 Apre ou, va gen yon lòt pèp k'ap pran gouvènman an. Men, gouvènman wa li a p'ap ka wè devan pa ou la. Konsa tou apre sa, va gen yon twazyèm pèp k'ap pran gouvènman an ankò. Se va tankou kwiv devan lò ou la. Li menm tou, l'ap donminen sou tout latè.
40 Apre sa ankò, va gen yon katriyèm pèp k'ap pran gouvènman an. L'ap di kou fè. L'ap kraze brize. Menm jan fè kraze tout bagay, se konsa l'ap kraze lòt nasyon yo, l'ap fè yo tounen pousyè.
41 Ou te wè tou de pye yo ak tout zòtèy yo te mwatye an fè mwatye an tè krich. Sa vle di, ape gen divizyon nan dènye gouvènman an. L'ap yon ti jan solid tankou fè, menm jan ou te wè fè melanje ak tè krich la.
42 Zòtèy yo tou te mwatye fè, mwatye tè krich. Sa vle di, yon pòsyon nan gouvènman sa a pral gen fòs, yon lòt pòsyon pral fèb.
43 Ou te wè fè a te melanje ak tè krich la, men yo pa t' pran. Konsa tou, chèf gouvènman sa yo pral seye mete tèt yo ansanm. Y'ap fè de fanmi yo marye yonn ak lòt. Men, sa p'ap mache.
Daniel 7:3-8
3 Kat gwo bèt moute soti nan lanmè a, yonn pa t' sanble lòt.
4 Premye bèt la te sanble ak yon lyon, men li te gen de gwo zèl tankou malfini. Antan m'ap gade l' konsa, yo rache zèl li yo. Yo leve l', yo fè l' kanpe tankou yon moun sou pa t' dèyè l' yo. Lèfini, yo fè li gen lespri tankou moun.
5 Dezyèm bèt la te sanble ak yon lous ki te kanpe panche sou yon bò. Li te gen twa zo kòt nan bouch li. Yon vwa pale avè l', li di l' konsa: -Annou wè! Manje vyann mezi ou kapab.
6 Antan m'ap gade toujou, yon lòt bèt parèt. Li te sanble ak yon leyopa, men li te gen kat zèl sou do li, tankou zèl zwezo. Li te gen kat tèt tou. Yo te ba li pouvwa sou tout bagay.
7 Antan m'ap gade toujou nan vizyon mwen t'ap fè jou lannwit sa a, yon katriyèm bèt parèt. Li te sovaj anpil. Depi ou gade l' se pou ou pè. Li te gen anpil fòs avèk gwo dan an fè. Li t'ap manje tou sa ki tonbe anba bouch li, li kraze yo ak dan li, li pilonnen rès la anba pye l'. Li pa t' sanble menm ak twa lòt bèt ki te parèt anvan l' yo. Li te gen dis kòn.
8 Antan m'ap gade kòn yo konsa, mwen wè yon lòt ti kòn tou piti k'ap pouse nan mitan yo. Li rache twa nan kòn ki te la deja yo. Ti kòn sa a te gen je tankou moun ak yon bouch ki t'ap di tout kalite pawòl awogan pou joure Bondye.
Daniel 8:3-14
3 Mwen leve je m' gade, mwen wè yon belye mouton ki te kanpe bò larivyè a. Li te gen de kòn byen long ki pa t' pouse menm lè. Sa ki te pouse apre a te pi long pase premye a.
4 Mwen wè belye mouton an t'ap bay kout kòn nan direksyon solèy kouche, nan direksyon nò ak nan direksyon sid. Pat gen yon bèt ki te ka kenbe tèt avè l'. Ni pa t' gen pesonn pou wete yo anba pat li. Li t'ap fè sa l' pito. Chak lè, li t'ap vin pi awogan.
5 Antan mwen t'ap chache konprann sa sa te vle di, mwen wè yon bouk kabrit k'ap kouri vin soti bò solèy kouche. Li t'ap kouri sitèlman vit, pye l' pa t' touche tè. Li te gen yon sèl gwo kòn nan mitan de je l' yo.
6 Li mache sou belye mouton mwen te wè kanpe bò larivyè a ak de kòn lan. Li vare sou li ak tout fòs.
7 Mwen wè l' atake belye mouton an. Li move sou li, li frape l', li kase de kòn li yo. Belye mouton an pa t' gen fòs pou kenbe tèt ak li. Bouk kabrit la jete l' atè, li pilonnen l' anba pye l'. Pat gen pesonn pou wete belye a anba pat bouk kabrit la.
8 Bouk kabrit la konmanse grandi, li vin awogan anpil. Lè li fin chita pouvwa li byen chita, gwo kòn li an kase. Kat lòt gwo kòn pouse nan plas premye a, yo chak t'ap pwente nan direksyon kat gwo van yo.
9 Yon ti kòn pouse sou yonn nan kòn sa yo. Li grandi, li mache fè lagè ak moun peyi nan sid la, moun peyi bò solèy leve a ak moun peyi ki pi bèl pase tout lòt yo.
10 Li grandi toujou, jouk li rive atake lame ki nan syèl la, zetwal yo menm. Li jete kèk ladan yo sou latè, li pilonnen yo anba pye l'.
11 Li grandi, li menm rive atake chèf lame ki nan syèl la, li fè yo sispann ofri bèt pou touye pou li. Li fè kraze Tanp yo te mete apa pou li a.
12 Li fè sòlda lame li yo al moute kan yo kote yo te konn ofri bèt pou touye pou Bondye a. Ti kòn lan voye bon relijyon Bondye a jete atè, li te rive nan tou sa l'ap fè.
13 Apre sa, mwen tande yon zanj pale ak yon lòt zanj, li di li: -Kilè sa yo bay nan vizyon an va rive? Kilè y'a sispann fè gwo peche sa a nan plas ofrann bèt ki pou fèt chak jou a? Kilè y'a sispann pilonnen lame ki nan syèl la ak tanp Bondye a anba pye yo?
14 Lòt zanj lan reponn: -Se pou nou tann mil sansenkant (1150) jou ankò pase anvan yo rekonmanse ak ofrann bèt pou Bondye yo. Se lè sa a Bondye va rebati tanp li a ankò.
Daniel 11:28-35
28 Wa peyi Siri a ap tounen nan peyi l' ak anpil richès l'ap piye nan peyi Lejip. Apre lagè a, l'ap soti pou l' kraze relijyon pèp Bondye a. L'ap fè sa li te gen lide fè a. Lèfini, l'ap tounen tounen l' nan peyi l'.
29 Kèk tan apre sa, l'ap tounen desann nan peyi Lejip ankò. Men, fwa sa a, sa p'ap pase tankou premye fwa a.
30 Moun Kitim yo ap vin nan batiman yo, y'ap rete l' sou kous li, l'ap dekouraje. Lè l'ap tounen. l'ap fin debòde sou moun k'ap sèvi dapre kontra Bondye te siyen avèk yo a. Men, l'ap fè pa moun ki vire do bay kontra a.
31 L'ap voye sòlda nan lame li yo vin fè mete Tanp lan nan kondisyon pou moun pa ka sèvi Bondye ladan l' ankò. Y'ap aboli ofrann bèt yo te konn fè chak jou a, y'ap mete sa nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan chita byen wo nan Tanp lan.
32 Wa a ap fè moun ki te deja vire do yo bay kontra Bondye a pran pozisyon pou li, l'ap pran tèt yo ak bèl pawòl. Men, moun k'ap sèvi Bondye yo ap kanpe fèm, y'ap kenbe tèt avè l'.
33 Chèf ki gen bon konprann yo va separe konesans yo ak pèp la. Men, pandan kèk tan yo pral pèsekite yo, y'ap touye yo nan batay. Yo pral boule yo nan dife jouk yo mouri. Y'ap depòte yo, y'ap piye tout zafè yo.
34 Pandan tout pèsekisyon sa a, pèp Bondye a va resevwa yon ti konkou. Men, anpil moun ap vin mete tèt ansanm ak yo pou defann pwòp enterè pa yo.
35 Nan chèf ki gen konesans yo genyen k'ap mouri. Men, avèk lafliksyon sa a, pèp la va netwaye, l'a lave, l'a blanchi. Sa pral pase konsa jouk lè a va rive pou sa fini nan dat Bondye te fikse a.
Zechariah 2:1
1 Apre sa, mwen fè yon lòt vizyon, mwen leve je m' gade. Mwen wè yon nonm avèk yon chenn pou mezire nan men l'.
Zechariah 5:1
1 Mwen wè yon lòt vizyon ankò, mwen leve je m' gade. Mwen wè yon liv an fòm yon woulo papye k'ap vole nan syèl la.
Zechariah 5:5
5 Zanj ki t'ap pale avè m' lan parèt ankò, li di m' konsa: -Leve je ou. Gade sa k'ap vin koulye a.
Zechariah 5:9
9 Apre sa mwen leve je m' gade, mwen wè de fanm. Yo te gen gwo zèl tankou sigòy. Yo t'ap vole nan syèl la vini. Yo pran panyen an, yo moute avè l'.