Zechariah 1:19 Cross References - Haitian

19 Mwen mande zanj ki t'ap pale avè m' lan: -Kisa kòn sa yo ye, mèt? Li reponn mwen: -Kòn sa yo, se nasyon ki te depòte moun peyi Jida yo, pèp Izrayèl la ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo.

Ezra 4:1

1 Lènmi moun Jida yo ak lènmi moun Benjamen yo vin konnen moun ki te tounen soti nan kote yo te depòte yo a t'ap rebati yon kay pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.

Ezra 4:4

4 Lè sa a, moun ki t'ap viv depi lontan nan peyi a soti pou yo dekouraje moun Jida yo. Yo t'ap kraponnen yo pou yo te sispann travay batisman an.

Ezra 4:7

7 Sou rèy wa Atagzèsès, Bislam, Mitridat ak Tabeyèl mete tèt yo ansanm avèk kèk lòt kòlèg yo, yo ekri yon lèt plent voye bay Atagzesès, wa peyi Pès la, kont moun Jerizalèm yo. Lèt la te ekri nan lang arameyen, e se pou yo te tradwi l' lè yo t'ap li l'.

Ezra 5:3

3 Lè sa a, Tatenayi, gouvènè pwovens lòt bò larivyè Lefrat la, Cheta-Boznayi ak lòt anplwaye gouvènman parèy yo, moute lavil Jerizalèm, yo mande jwif yo: -Ki moun ki ban nou otorizasyon rebati tanp sa a pou nou mete lotèl ladan l'?

Jeremiah 50:17-18

17 Seyè a di ankò: -Pèp Izrayèl la te tankou mouton ki pèdi bann yo. Lyon gaye yo nan tout raje. Premye moun ki mete men sou yo se te wa peyi Lasiri a. Apre sa, se te Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, ki te kraze tout zo yo. 18 Se poutèt sa, men sa mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, men sa mwen di: Mwen pral regle wa Babilòn lan ansanm ak tout peyi li a, menm jan mwen te regle wa peyi Lasiri a.

Daniel 12:7

7 Zanj lan leve bra l' anlè nan syèl la, mwen tande li fè yon gwo sèman nan non Bondye vivan an, li di konsa: -Nan twazan si mwa, lè y'a fin kraze tout fòs pèp Bondye a, tout bagay sa yo va rive.

Amos 6:13

13 Nou fè kè nou kontan paske nou pran lavil Lodeba. N'ap plede di: O wi, se avèk fòs kouraj nou nou pran kòn lan.

Habakkuk 3:14

14 Avèk flèch ou yo, ou pèse kòmandan an chèf lame yo a, lè yo t'ap vare sou nou tankou yon van tanpèt pou gaye nou. Je yo gran louvri ak kontantman tankou moun ki pral devore pòv malere yo kote yo kache a.

Zechariah 1:9

9 Mwen mande: -Kisa chwal sa yo ye menm, mèt? Zanj ki t'ap pale avè m' lan reponn mwen: -Mwen pral fè ou wè sa yo ye.

Zechariah 1:21

21 Mwen mande l': -Kisa moun sa yo vin fè la a? Li reponn mwen: -Kòn sa yo, se nasyon ki te depòte tout pèp peyi Jida a, ki te fè tout moun Jida yo t'ap mache tèt bese. Men, bòs fòjon sa yo vini pou yo fè nasyon yo pè, pou kraze pouvwa tout nasyon ki t'ap pwofite sou pèp peyi Jida a, lèfini ki te gaye yo toupatou.

Zechariah 2:2

2 Mwen mande l': -Kote ou prale? Li reponn mwen: -Mwen pral pran mezi lavil Jerizalèm, pou m' wè ki longè ak ki lajè li genyen.

Zechariah 4:11-14

11 Mwen mande l': -De pye oliv ki chak bò lanp sèt branch lan, yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch, kisa yo ye? 12 De branch oliv sou kote de ti tiyo an lò kote lwil ap koule a, kisa yo vle di? 13 Li reponn mwen. -Ou pa konnen sa yo vle di? Mwen di l': -Non, mèt. M' pa konnen non! 14 Li di m' konsa: -Se de moun Bondye chwazi pou fè travay Seyè a, Mèt latè a.

Zechariah 8:14

14 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: -Lè zansèt nou yo te fè m' fache sou yo, mwen te pran desizyon pou m' te pini yo. Mwen pa t' chanje lide.

Revelation 7:13-14

13 Apre sa, yonn nan granmoun yo mande mwen: Moun sa yo ki gen rad tou blan sou yo a, ki moun yo ye? Ki bò yo soti? 14 Mwen reponn li: Se ou menm ki konnen wi, mèt mwen. Lè sa a, li di mwen: Se moun ki pase anba gwo pèsekisyon an. Yo lave rad yo, yo blanchi yo nan san ti Mouton an.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.