Haitian(i)
5 katmil (4000) pou fè pòs nan pòtay la ak katmil (4000) pou fè lwanj Seyè a ak enstriman mizik David te fè fè pou sa.
6 David separe moun Levi yo fè twa gwoup dapre branch fanmi pitit gason Levi yo: Gèchon, Keyat ak Merari.
7 Gèchon te gen de pitit gason: Layedan ak Chimèyi.
8 Layedan te fè twa pitit gason: Yekiyèl, pi gran an, Zetam ak Joèl.
9 Chimeyi te fè twa pitit gason tou: Chelomit, Aziyèl ak Aran. Se yo ki te chèf fanmi moun Layedan yo.
10 Chimeyi te gen kat lòt pitit gason: Jaka, Ziza, Jeouch ak Berya.
11 Se Jaka ki te pi gran, Ziza te dezyèm pitit la. Jeouch ak Berya pa t' gen anpil pitit. Se konsa yo mete yo ansanm, yo pase pou yon sèl branch fanmi.
12 Keyat te gen kat pitit: Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyèl.
13 Amram te gen de pitit gason: Arawon ak Moyiz. Bondye te mete Arawon ak pitit li yo apa pou yo okipe pyès ki apa nèt pou Bondye a, pou boule lansan devan Seyè a, pou yo sèvi l', pou yo beni pèp la nan non li. Se te travay pa yo sa pou tout tan.
14 Moyiz te moun Bondye a menm. Pitit li yo te fè pati branch fanmi Levi a tou.
15 Moyiz te gen de pitit gason: Gèchòm ak Elyezè.
16 Premye pitit Gèchòm lan te rele Chebwèl.
17 Elyezè li menm te gen Rekabya pou premye pitit. Li pa t' fè lòt pitit gason ankò. Men Rekabya te fè anpil pitit.
18 Premye pitit Jizeya a te rele Chelomit.
19 Men pitit Ebwon yo: Premye a te rele Jerija, dezyèm lan Amarya, twazyèm lan Jakazyèl, katriyèm lan Jekameam.
20 Men pitit Ouzyèl yo: Miche, premye a ak Jikija, dezyèm lan.
21 Merari te gen de pitit gason: Makli ak Mouchi. Makli te gen de pitit gason: Eleaza ak Kich.
22 Eleaza mouri san kite pitit gason. Pitit fi ase li te genyen. Yo marye ak kouzen yo, pitit gason Kich yo.
23 Mouchi te gen twa pitit gason: Makli, Edè ak Jerimòt.
24 Se tout moun nan ras Levi yo sa, dapre fanmi yo, ki te gen non yo kouche nan rejis tankou chèf fanmi. Yo chak te gen travay pa yo nan sèvis kay Seyè a, depi sa ki gen ventan pou pi piti rive sou pi gran yo.