2 Corinthians 11:21-23

Haitian(i) 21 Wi, mwen wont di sa: Mwen te twò fèb pou m' te aji jan m' te aji ak nou an! Men, si gen moun ki ka pèmèt yo vante tèt yo pou lòt bagay (pa bliye m'ap pale tankou yon moun fou wi!) mwen menm tou m'ap pèmèt mwen fè sa tou. 22 Eske yo se pitit pitit Ebè? Mwen menm tou. Eske yo se moun ras Izrayèl la? Mwen menm tou. Eske yo se pitit pitit Abraram? Mwen menm tou. 23 Eske yo se moun k'ap sèvi Kris la? (M'ap pale koulye a tankou moun ki deraye nèt.) Mwen sèvi Kris la plis pase yo: mwen travay pase yo, yo mete m' nan prizon pi plis pase yo, yo bat mwen pi plis pase yo, mwen manke mouri pi souvan pase yo.