2 Kings 24:17-18

Haitian(i) 17 Apre sa, Nèbikadneza pran Matanya, tonton wa Jojakin, li mete l' wa nan peyi Jida. Li chanje non l', li rele l' Sedesyas. 18 Sedesyas te gen venteyennan lè li vin wa peyi Jida. Li pase onzan lavil Jerizalèm ap gouvènen peyi a. Manman l' te rele Amoutal. Se te pitit fi Jeremi, moun lavil Libna.