Deuteronomy 24:11-13

Haitian(i) 11 N'a rete deyò, n'a tann li pote garanti a ban nou deyò a. 12 Si se yon nonm ki pòv, pa kite rad li ban nou pou garanti a pase nwit lakay nou. 13 Se pou nou tounen l' ba li lè solèy kouche, pou l' ka mete l' sou li lè l'ap dòmi. L'a genyen nou rekonesans, epi nou menm nou va fè yon bon zèv devan Seyè a, Bondye nou an.