Job 20:12-20

Haitian(i) 12 Lè l' t'ap fè sa ki mal sa te sitèlman gou nan bouch li, li te kenbe ti gout anba lang li. 13 Li pa t' kite l' fin twò vit nan bouch li, pou l' te ka jwi gou a pandan lontan. 14 Men, rive manje a rive nan lestonmak li, li vin anmè kou fyèl. Anndan vant li pran boule l' tankou si li te vale pwazon. 15 Mechan an gen pou l' vonmi tout richès li te vòlò yo, paske Bondye ap foure dwèt nan gòj li. 16 Tou sa li te vale tounen pwazon pou li. L'ap mouri tankou si se yon sèpan laspik ki mòde l'. 17 Li p'ap viv pou l' wè lwil koule tankou dlo larivyè, ni siwo myèl ak lèt koule tankou lavalas. 18 L'ap blije bay tou sa li te travay fè. Li p'ap gen chans jwi richès li yo. 19 Paske li te piye kay pòv malere yo, li te pito vòlò kay moun pase pou l' bati. 20 Li pa t' janm gen kont li. Men, richès li p'ap ka delivre l'.