Job 20:19-27

Haitian(i) 19 Paske li te piye kay pòv malere yo, li te pito vòlò kay moun pase pou l' bati. 20 Li pa t' janm gen kont li. Men, richès li p'ap ka delivre l'. 21 Pesonn pa t' ka chape anba men l' sitèlman li te akrèk. Non. Tout richès li yo pa la pou lontan. 22 Atout li gen tout richès sa yo, li pral gen kè sere. Tout kalite mizè pral tonbe sou li. 23 Pandan l'ap manje plen vant li, Bondye pral move kont move sou li. Malè pral tonbe dri sou li. 24 Lè l'ap chache kouri pou yon nepe fèt an fè, yon flèch an kwiv pral pèse l' pak an pak. 25 Yon flèch ap pèse kò l'. San li ap degoute konsa nan pwent flèch la. Kè l' sere, li wè lanmò anfas. 26 Li pèdi tou sa li te sere. Yon dife pesonn pa limen ap boule l'. L'ap devore tou sa ki lakay li. 27 Syèl la fè konnen tou sa li te fè ki mal. Latè kanpe pou denonse l'.