Job 23:5-7

Haitian(i) 5 M' ta konnen jan l'ap reponn mwen, m' ta tande sa l'ap di m'. 6 Eske Bondye tapral sèvi ak tout fòs li pou diskite avè m'? Non. Li ta rete koute m' ase. 7 Li ta wè moun k'ap pale avè l' la se yon moun ki toujou mache dwat. Li menm k'ap jije m' lan, li ta rekonèt mwen inonsan.