Job 30:1-7

Haitian(i) 1 Men koulye a, moun ki pi jenn pase m' yo ap pase m' nan rizib. Papa yo se moun mwen pa t' pran pou anyen, moun mwen pa ta menm mete ak chen m' pou gade mouton. 2 Epitou, yo te twò fèb pou fè anyen pou mwen. Se te yon bann gason san kouraj. 3 Mizè ak grangou te fini ak yo. Lannwit se grenn bwa yo te konn al souse nan savann kote moun pa rete. 4 Yo pran fèy raje pou yo manje. Ata rasin bayawonn pase. 5 Kote yo pase moun mete yo deyò, yo rele bare dèyè yo tankou vòlè. 6 Yo te blije al rete nan twou wòch, nan twou tè sou bò ravin yo. 7 Y'ap rele tankou bèt mawon nan raje a. Yo fè pil sou pil nan savann lan.