Joshua 5:10-12

Haitian(i) 10 Antan pèp Izrayèl la te rete Gilgal nan plenn ki toupre lavil Jeriko, yo fete Fèt Delivrans lan nan aswè katòzyèm jou premye mwa a. 11 Nan denmen Fèt Delivrans lan, yo manje manje yo rekòlte nan peyi a: grenn ble griye ak pen kwit san ledven. 12 Apre sa, laman lan sispann tonbe. Depi lè sa a, pèp Izrayèl la pa jwenn laman pou yo manje ankò. Pandan tout lanne a yo manje manje yo te rekolte nan peyi Kanaran an.