Luke 23:16-23

Haitian(i) 16 Mwen pral fè yo bat li byen bat, apre sa m'a lage li. 17 Pou chak fèt Delivrans, Pilat te blije lage yon prizonye ba yo. 18 Yo tout pran rele ansanm: Touye nonm sa a, lage Barabas ban nou. 19 Barabas sa a, se te yon nonm ki te nan prizon poutèt lèzam li te pran kont gouvènman an epi pou yon moun li te touye nan lavil la. 20 Pilat menm te vle lage Jezi. Li pale ak foul moun yo ankò. 21 Men yo rele: Kloure l' sou yon kwa! Kloure l' sou yon kwa! 22 Yon twazyèm fwa ankò, Pilat di yo: Manyè di m' ki move zak li fè konsa? Mwen menm, mwen pa jwenn anyen nan nonm sa a ki merite lanmò. Mwen pa di nou mwen pral fè bat li byen bat, apre sa m'a lage li? 23 Men, yo pran rele pi fò, yo pèsiste ap mande pou yo kloure Jezi sou yon kwa. Yo sitèlman rele, Pilat ba yo gany.