Mark 10:6-12

Haitian(i) 6 Men, nan konmansman, lè Bondye t'ap kreye tout bagay, Bondye te fè gason ak fi. 7 Se poutèt sa, gason an va kite papa l' ak manman l', pou l' mete tèt ansanm ak madanm li. 8 Tou de va fè yon sèl kò. Konsa, yo p'ap de ankò, men yo fè yon sèl. 9 Se poutèt sa pesonn pa gen dwa separe sa Bondye mete ansanm. 10 Lè yo antre nan kay la, disip yo poze l' keksyon ankò sou bagay sa a. 11 Li di yo konsa: -Si yon nonm kite ak madanm li pou li al marye ak yon lòt, li fè adiltè sou madanm li. 12 Menm jan an tou, si yon fanm kite ak mari l' pou li al marye ak yon lòt, fanm lan fè adiltè.