Matthew 10:28-31

Haitian(i) 28 Nou pa bezwen pè moun ki kapab touye kò nou, men ki pa kapab touye nanm nou. Se Bondye pou nou pè pito, paske li menm li kapab detwi nanm nou ansanm ak tout kò nou nan lanfè. 29 Eske yo pa vann ti zwazo de pou senk kòb? Malgre sa, pa gen yon sèl ki tonbe atè san Papa nou pa konnen. 30 Pou nou menm menm, ata grenn cheve nan tèt nou, yo tout konte. 31 Se sak fè, nou pa bezwen pè menm: nou vo pi plis pase anpil ti zwazo.