Matthew 14:19-21

Haitian(i) 19 Apre sa, li bay lòd fè moun yo chita sou zèb la. Li pran senk pen yo ak de pwason yo, li leve je l' nan syèl la, li di Bondye mèsi. Li kase pen yo, li bay disip yo. Disip yo menm mache bay tout moun. 20 Tout moun manje vant plen. Apre sa, disip yo plen douz panyen ak ti moso ki te rete, yo pote ale. 21 Te gen senkmil (5.000) gason konsa ki te jwenn manje pou yo manje, san konte fanm ak timoun.