Matthew 18:33-35

Haitian(i) 33 Ou te dwe gen pitye pou kanmarad ou a menm jan mwen te gen pitye pou ou a. 34 Mèt la fè gwo kòlè, li fè mete msye nan prizon pou yo bat li jouk lè li fin peye tou sa l' te dwe a. 35 Se konsa Papa m' ki anwo nan syèl la va aji ak nou, si nou pa padonnen frè nou yo ak tout kè nou.