Matthew 22:6-10

Haitian(i) 6 Gen ladan yo ki pran domestik yo, yo maltrete yo, yo touye yo. 7 Wa a fè yon gwo kòlè, li voye sòlda l' yo touye ansasen yo. Apre sa, li fè mete dife nan lavil yo a. 8 Lè sa a, li di domestik li yo: Manje nòs la pare, men moun ki te envite yo pa t' merite sa. 9 Ale sou granchemen, envite tout moun nou jwenn pou yo vini nan nòs la. 10 Domestik yo ale nan tout granchemen, yo sanble tout moun yo jwenn, ni move ni bon. Konsa, kote yo t'ap fè nòs la te plen moun.