Matthew 24:44-25:13

Haitian(i) 44 Se pou sa tou, nou menm se pou nou toujou pare, paske Moun Bondye voye nan lachè a ap vini lè nou pa ta kwè. 45 Ki moun ki ka di li se yon jeran entelijan ki fè tout travay li byen? Se moun sa a mèt kay la va mete pou veye sou moun nan kay la, pou bay lòt domestik yo manje lè pou yo manje. 46 Se va bèl bagay pou domestik la si mèt la jwenn li ap fè travay li lè l' tounen lakay li. 47 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Mèt la va mete l' reskonsab tout byen l' yo. 48 Men, si domestik sa a se yon move moun, l'ap di nan kè l': Mèt mwen ap fè reta. Li poko ap vini. 49 L'ap tonbe bat kanmarad li yo, l'ap rete ap plede manje, ap plede bwè ak tafyatè. 50 Mèt domestik sa a va rive jou l' pa t'ap tann, yon lè li p'ap konnen. 51 L'ap rachonnen msye anba kou, l'ap regle avè l' menm jan yo regle ak moun ipokrit yo. Se lè sa a va gen rèl, se lè sa a va gen manje dan. 25 1 Se konsa, nan Peyi Wa ki nan syèl la se va tankou istwa dis jennfi ki pran lanp yo, ki soti al kontre msye marye a. 2 Senk nan yo te tèt chaje, senk lòt yo te gen bon konprann. 3 Tèt chaje yo te pran lanp yo ase. Yo pa t' pote gaz an rezèv. 4 Men sa ki te gen bon konprann yo te pote yon boutèy plen gaz ansanm ak lanp yo. 5 Pandan yo t'ap tann msye marye a ki te an reta, yo tout pran kabicha, dòmi vòlò yo. 6 Nan mitan lannwit lan, yon rèl pati: Men msye marye a. Ann al kontre li. 7 Dis jennfi yo leve, yo pran pare lanp yo. 8 Tèt chaje yo mande sak gen bon konprann yo: Tanpri, ban nou ti gout nan gaz nou pote a, paske lanp pa nou yo ap mouri. 9 Men, senk ki te gen bon konprann yo reponn: Non, nou pa kapab, paske pa gen ase pou nou tout. Pito n' al achte nan men machann yo. 10 Antan tèt chaje yo al achte gaz la, msye marye a vin rive. Senk jennfi ki te pare yo antre ansanm avè l' nan kay nòs la. Yo fèmen pòt la dèyè yo. 11 Pita, lòt jennfi yo vin rive, yo di konsa: Mèt, Mèt, louvri pou nou. 12 Men msye marye a reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: m' pa konnen nou. 13 Apre sa, Jezi di yo: Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske, nou pa konnen ni ki jou, ni ki lè sa va rive.