Numbers 31:7-18

Haitian(i) 7 Yo atake moun Madyan yo jan Seyè a te bay Moyiz lòd la, yo touye tout gason yo. 8 Yo touye senk wa moun Madyan yo: Evi, Rekèm, Zou, Our ak Reba. Yo touye Balaram, pitit Beyò a, tou. 9 Moun Izrayèl yo fè tout fanm ak tout timoun Madyan yo prizonye. Yo pase men yo pran tout bèf yo, tout mouton yo, tout kabrit yo ak tout lòt byen yo. 10 Yo boule tout kay nan lavil yo ak tout kan kote moun yo te rete. 11 Apre sa, yo pran tou sa yo te ranmase, tout bèt ak tout moun yo te fè prizonye yo, 12 yo mennen yo bay Moyiz ansanm ak Eleaza, prèt la, ak tout moun pèp Izrayèl yo ki te nan kan an, nan plenn Moab yo, lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko. 13 Moyiz, Eleaza, prèt la ak tout chèf pèp Izrayèl yo soti nan kan an al kontre lame a. 14 Moyiz move sou chèf reskonsab lame yo, sou chèf divizyon mil yo ak chèf konpayi san yo ki t'ap tounen soti nan lagè a. 15 Li di yo konsa: -Poukisa nou pa touye tout medam sa yo? 16 Se yo menm ki te swiv konsèy Balaram yo, se yo ki te lakòz moun pèp Izrayèl yo te vire do bay Bondye nan zafè Baal-Peyò a, kifè gwo malè nou konnen an te tonbe sou pèp Izrayèl la. 17 Se pou nou touye tout pitit gason yo. Se pou nou touye tout fanm ki kouche ak gason deja. 18 Men, n'a sove lavi tout jenn fi ki poko janm kouche ak gason. N'a pran yo pou nou.