Proverbs 6:29-33

Haitian(i) 29 Konsa tou, se yon gwo danje pou ou kouri dèyè fanm yon lòt gason. Depi ou manyen yon fanm konsa, ou gen pou ou peye pou sa. 30 Menm lè yon vòlò vòlò paske li grangou, se pa sa ki di li pa vòlò pou sa. 31 Si yo bare l', y'ap fè l' peye sèt fwa lavalè sa l' pran an. Y'a fè l' bay tou sa li gen lakay li. 32 Men, yon nonm ki fè adiltè, se moun fou li ye, se detwi l'ap detwi tèt li. 33 L'ap pran baton. Y'ap pase l' anba kont betiz, l'ap toujou wont pou sa l' fè a.