Psalms 149:5-9

Haitian(i) 5 Se pou pèp Bondye a fè kè yo kontan, paske yo genyen batay la. 6 Se pou yo rele byen fò lè y'ap fè lwanj Bondye, avèk nepe nan men yo, 7 pou tire revanj sou nasyon yo, pou pini pèp yo, 8 pou yo mete wa yo nan chenn, pou mete grannèg yo nan sèp an fè, 9 pou ba yo chatiman ki te ekri a. Se va yon bèl bagay pou tout moun k'ap sèvi Bondye. Lwanj pou Seyè a!